Wednesday, September 22, 2021

Nou di Lonè, Yo pa di Nou Respè | Alce MK Henry



Nan abitid ayisyen, avanw antre lakay yon moun, ou di lonè, moun ki anndan an reponn respè. Sa vle di ou trete moun nan ak lonè e li tretew ak respè. Ayisyen gen pwoblèm lakay li, peyi a tonbe nan tchouboum, pagen lavi pousa kap viv, pagen avni pou sa kap vini,. Politik dechèpiye nou, Goudou-goudou menm fini ak ti rès la. Pèp la evade, lap chèche sekou, li frape pòt blan meriken. Nou di Lonè, tonton Sam deside fèmen pòt li, li pa di Respè.


Paran ayisyen m konnen yo, yap joure e menm rive batay ak yon vwazinay ki imilye pitit li oubyen kita oze fèmen pòt sou li. Men aprèl fin fè sa, lap blame e menm kale pitit la tou yon fason poul pa janm al frite kay moun ankò. An menm tan, si se televizyon pitit la tal gade kay vwazen an, demen maten li mèt se kredi, lap peye yon priz kouran epi enstale yon televizyon nan kay la pou timoun nan pa kite kay la ankò. Se pa san rezon paran yo toujou diw siw kay yon moun, ou wè manje pral separe, se deplase. Paske yo aprann ou viv ak saw genyen epi travay pouw posede saw reve genyen an. Ou konn grangou, yon moun ofriw manje, ou di ou pa vle, paske yo aprann ou pou w pa manje nan men nenpòt moun menm siw tap mouri.

Malerezman, nou pagen lidè kap panse pou pwoteje valè ak prensip ki defini nou kòm moun. Nou toujou moun, nou jis sispann ayisyen. E se sak pwoblèm nou paske depi nou sispann ayisyen, nou pa moun ankò paske se sa nou ye. Menm si nou chanje paspò, nou pap janm chilyen, nou pap ameriken, nou pap kanadyen [...]. Nou se Ayisyen, se idantite nou, se mak fabrik nou. Moun ki merite blame yo se klas politik la ki kidnape nou, touye nou ak detwi avni nou. Si ayisyen kite lakay yo pou al pran imilyasyon devan kay zòt, se paske politisyen ayisyen yo demisyone.

Nou di Lonè, yo pa di nou Respè

Mwen salye kouraj migran yo, ak anbisyon yo genyen pou yon lavi miyò. Pawòl la di: Yon rich malonèt pi pòv pase yon pòv onèt. Ayisyen ka pòv men yo gen diyite ak respè. E yo pwouve sa lè lakay yo, sistèm nan egzije yo pou yo volè ak kidnapè, men yo deside chache lavi yon lòt kote olye yo tonbe nan zak briganday. malerezman yo chache lavi, men lavi chache yo. Malerezman yo rele sekou, men pagen moun ki reponn yo, paske moun yo vote pouki defann yo, se yo menm ki vann yo kay djab.

Nou di Lonè, yo pa di nou Respè

Yo fèmen pòt sou nou, men yo te louvril lè yo te bezwen èd nou nan Savannah. Yo te ka pa di nou respè, men yo pat oblije kale nou ak rigwaz epi galope chwal sou fyèl nou pou raple nou ke nou pagen granmoun. Se tèt nou poun blame paske nou te premye, men nou vann dwa denès nou pou manje. Yo fèmen pòt sou nou, men se yo ki simen pwav ak jiwòf nan mitan nou, pou fè nou tonbe goumen epi kouri kite lakay nou. Men nou pap blame yo paske se nou ki pèdi dwa nou. Nou bliye si chak bourik dwe bwè nan patiraj yo.

Nou di Lonè, yo pa di nou Respè

Se vre nou sibi zak malonèt, men nou paka anpeche moun yo mete lòd lakay yo. Moun poun blame yo se pito granmoun san wont nou yo kise dirijan nou yo, ki pouse do pèp la paske lè yo ale yap voye lajan pou yo plen pòch yo. Anpil nan yo te gen rèv ale epi tounen ede lakay. Malgre yo tap viv illegal, men yo te ede anpil nan sipòte ekonomi peyi yo. Malerezman yo voye yo tounen, pandan lakay pa menm ka resevwa yo. Nou dwe rezoud pwoblèm ki koz nap kite lakay nou chak jou a.

Pèp ayisyen an jis ap chèche libète ak opòtinite pou ofri pitit yo yon demen miyò. Se yon dwa yo genyen kòm moun, men yo pèdil paske yo se ayisyen. Yo se ewo e yo merite respè nou. Solisyon an se mete tout sa nou konnen pitit nou bezwen lakay nou pou yo pa al mache pran wont lakay moun.

Ann rebati lakay! Ann fè lakay vivab! Nou kapab! Nou se Ayisyen !

Menm si yo pa ban nou Respè a, ann kenbe Lonè a paske nou se Ayisyen.

ALCE MK HENRY
Les Ecrits AMH