๐๐ซ๐๐ณ๐ข๐, ๐ ๐ซ๐๐ง๐๐๐ฌ๐๐จ! ๐ ๐๐๐ค๐ซรจ ๐ค๐ข ๐ค๐๐๐ก๐ ๐ง๐๐ง ๐ ๐ข๐ง๐๐ซ๐๐ฒ ๐๐๐ฉ ๐ฅ๐ | Alce MK Henry

Lรจ yon gwo tรจt mouri, fineray li se yon okazyon inik pou raple grandรจ l. Gen sa ki menm konn antere nan sรจkรจy k ap friz pou konsรจve kรฒ yo. Pap Francois te mande 4 fรจy planch sรจlman. Pa t gen flรจ ak gwo dekorasyon, se pa t yon neglijans, men pito li menm ki te prefere yon seremoni senp. Sa montre ke bรจl aparans pa defini sans lavi ni grandรจ.

Pap la te toujou gen yon panse spesyal pou moun pรฒv, moun ki majinalize, ak moun yo bliye yo e lemond onore li pou sa. Yo pa p sonje li kรฒm "Pap la," men kรฒm yon sรจvitรจ limanite.

Relijyon se pami sous divizyon nan mond lan. Pap Francois te chita pale ak tout moun nenpรฒt relijyon ou pratike. Se te premye Pap nan listwa ki vizite Irak, yon peyi ki konnen anpil gรจ, teworis, ak konfli relijye. Nan fineray li, lidรจ Islamik, Jidayis, Boudis, ak lรฒt relijyon te prezan. Se yon temwayaj travay li te fรจ pandan tout lavi li pou dyalรฒg ak lapรจ ant relijyon yo.

Antรจman modรจs Pap la pa diminye enfliyans li te genyen, okontrรจ li ogmante. Moun ki pa t konnen l nan vivan vin chรจche konnen l lรจ l mouri, se tankou li vin pi popilรจ. Sa montre nan ki nivo imilite ak modesti pale fรฒ pou yon lidรจ.

Plis pase 200 mil moun asiste fineray Pap la nan plas Senpyรจ a. Moun yo pa t sispann kriye “Grazie, Francesco!” (Mรจsi, Franรงois!). Sa montre kijan yon lavi enb atire lanmou ak rekonesans reyรจl. Pap la te gate moun yo. Gen aksyon le te konn fรจ yo p ap janm bliye tankou lave ak bobo pye prizonye, anbrase malad yo, elt.

Plizyรจ lidรจ politik ki te nan kont chita pale nan feneray Pap la. Pami yo, Prezidan Zelensky ak Donald Trump ki te gen gwo dezakรฒ dรจnyรจman sou gรจ Ikrรจn/Risi a. Nรจg yo fรจ bรจl dyalรฒg, e selon sa ki soti nan laprรจs, sa bay gwo espwa pou avni Ikrรจn. Yon bagay Pap la te toujou swete.

Pap la te toujou raple lidรจ politik yo “Nou pa lรจdmi menm si nou gen fwontyรจ ki separe nou ak kwayans diferan, nou se frรจ paske mond lan se yon sรจl”. Nan yon epรฒk kote anpil peyi gen kriz imigrasyon, inegalite ak konfli entรจn, kote anpil lidรจ ap chรจche pouvwa ak glwa pรจsonรจl yo, antรจman Pap la se te yon envitasyon pou dirije ak senplisite ak konpasyon.
Si w pa t konn sa, Vatikan se yon peyi. Sa vle di yon Pap se pa sรจlman yon lidรจ relijye, men se yon chรจf Deta tou. Legliz Katolik gen anviwon 1,2 milya fidรจl nan mond lan, kidonk, ou ka di Pap la se lidรจ k ap dirije plis moun nan. Men, li se lidรจ ki pi modรจs la.
Sa dwe enspire lidรจ legliz yo tou pou yo konprann legliz pa sรจlman yon gwo bilding oswa enfliyans politik, men yon enstitisyon ki baze sou sรจvis, imilite, ak konpasyon. Legliz la pa la sรจlman pou prepare moun pou syรจl, men pou pran swen sou tรจ a epi sรจvi kominote yo.
Nan yon peyi tankou Ayiti, chanjma pa posib san legliz. Lidรจ legliz yo ka fรจ ministรจ yo tounen fรฒs pou transfรฒme kominote yo e pi enspire chanjman reyรจl nan peyi a. Lรจ nou kite relijyon de kote, gen anpil bagay nou ka prann de lavi ak Antรจman Pap Franรงois.
Comments