𝐆𝐫𝐚𝐳𝐢𝐞, 𝐅𝐫𝐚𝐧𝐜𝐞𝐬𝐜𝐨! 𝟕 𝐒𝐞𝐤𝐫è 𝐤𝐢 𝐤𝐚𝐜𝐡𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐅𝐢𝐧𝐞𝐫𝐚𝐲 𝐏𝐚𝐩 𝐥𝐚 | Alce MK Henry
𝐕𝐫è 𝐠𝐫𝐚𝐧𝐝è 𝐚 𝐜𝐡𝐢𝐭𝐚 𝐧𝐚𝐧 𝐬𝐞𝐧𝐩𝐥𝐢𝐬𝐢𝐭𝐞 Lè yon gwo tèt mouri, fineray li se yon okazyon inik pou raple grandè l. Gen sa ki menm konn antere nan sèkèy k ap friz pou konsève kò yo. Pap Francois te mande 4 fèy planch sèlman. Pa t gen flè ak gwo dekorasyon, se pa t yon neglijans, men pito li menm ki te prefere yon seremoni senp. Sa montre ke bèl aparans pa defini sans lavi ni grandè. 𝐒è𝐯𝐢 𝐦𝐨𝐮𝐧 𝐬𝐞 𝐜𝐡𝐞𝐦𝐞𝐧 𝐢𝐦ò𝐭𝐚𝐥𝐢𝐭𝐞 Pap la te toujou gen yon panse spesyal pou moun pòv, moun ki majinalize, ak moun yo bliye yo e lemond onore li pou sa. Yo pa p sonje li kòm "Pap la," men kòm yon sèvitè limanite. 𝐈𝐧𝐢𝐭𝐞 𝐤𝐫𝐞𝐲𝐞 𝐧𝐚𝐧 𝐈𝐦𝐢𝐥𝐢𝐭𝐞 Relijyon se pami sous divizyon nan mond lan. Pap Francois te chita pale ak tout moun nenpòt relijyon ou pratike. Se te premye Pap nan listwa ki vizite Irak, yon peyi ki konnen anpil gè, teworis, ak konfli relijye. Nan fineray li, lidè Islamik, Jidayis, Boudis, ak lòt relijyon te prezan. Se yon temwayaj travay ...