1804 PAT FÈT POU NÈG NWÈ PAT KA LEVE TÈT | Alce M. Henry
Eske’w te konnen lè
Dessalines tap bay Ayiti endepandans, li te di pawòl sa : ″Mwen pran
syèl ak tè a kòm temwen pandan mwen deklare bout tè sa granmoun tout
bon. Nenpòt nèg nwè sou latè beni ki santi dwa li menase, li senpman
bezwen pile tè sa epi lap santi’l lib e libè lakay li″.
Sa vle di,
Dessalines pat pran endepandans pou ti gwoup moun kite la an 1804 yo
sèlman, men li te fèl jouk tan gen nèg nwè kap viv sou tè a.
Aujourd’hui, j’aurais aimé entendre Jovenel Moïse me dire, étant à la
tête de la première République noire du monde, pourquoi la première
république noire n’a pas son mot à dire dans ce contexte où le peuple
noir à travers le monde n’a absolument aucun droit?
Kisa nou fè
ak rèv Dessalines nan mesye ? Nou te dwe ap bay refij ak tout nèg nwè ki
bezwen libète, men nou rive nan yon moman pitit nou ap mache pran
desepsyon nan men blan je vèt pou ti moso manje. Poukisa lòt peyi nwa yo
paka konte sou Ayiti lè yo bezwen sa ? Kote ògèy nou ? Kilè nap gen
wont tout bon? Kilè nap reyalize nou vwomi sou fyète nou? Zansèt yo
louvri je nou ak bouch nou, men nou fout fèmen yo. Èske’n te konnen
Ayiti koupab nan tout sa nèg nwè ap sibi nan mond lan, paske nou te dwe
jwe wòl santinèl pou libète sou tout fòm men nou pa jwe wòl nou?
Nou fè lanperè wont !
Nou krache nan figi Boukman ak Makandal!
Ce texte a soulevé beaucoup de reaction, cliquez sur le lien ci-dessous pour les voir.
https://www.facebook.com/photo.php?fbid=2995123433907629&set=a.382520011834664&type=3&theater
Alce M. Henry
Comments